Aprè yon Epizyotomi
Founisè swen sante w la te swa fè yon epizyotomi oswa repare tisi ki te chire pandan nesans tibebe w la. Yon epizyotomi se lè yo fann (ensizyon) pou yo ka agrandi ouvèti vajen an. Founisè a ap koud li pou l ka repare po ki nan sswa pre vajen ou an. Fil kouti yo ap soti pou kont yo nan kèk semèn. Founisè swen sante w la pa bezwen retire yo.
Evite enfeksyon.
Kenbe kouti yo pwòp pou w ka diminye risk pou w gen enfeksyon.
-
Lè w sot twalèt netwaye l dousman soti devan pou ale dèyè.
-
Lè w fin siye, flite dlo tyèd sou kouti yo. Seche l.
-
Lè w fin pipi, se pa yon pwoblèm si w pa siye w. Jis flite dlo tyèd epi tapote l a sèk.
-
Pa itilize savon oubyen lòt bagay sof dlo amwens founisè swen sante w la ta konseye w youn.
-
Chanje kotèks omwen chak 2 a 4 èdtan.
Evite konstipasyon
Suiv sijesyon sa yo:
-
Manje fwi ak legim, sereyal konplè, ak sereyal son.
-
Bwè 6 a 8 vè dlo chak jou, sof si yo ta di w fè yon lòt bagay.
-
Pa fòse ale nan twalèt.
-
Mande founisè swen sante w la si w ka itilize yon bagay ki pou fè w twalèt mou.
-
Si w ap bay tete, anvan w pran medikaman mande founisè swen sante w la.
Kalme doulè a
Eseye mete w plis alèz konsa:
-
Chita nan yon beny cho
-
Mete yon konprès frèt oubyen yon konprès cho sou kouti yo. Kite yon ti twal fen ant konprès ak la po w.
-
Chita sou yon syèj ki fèm konsa kouti yo ap redi w mwens.
-
Itilize espre medikal jan founisè swen sante w la mande w fè sa.
-
Pale ak founisè w la de kijan pou w itilize yon medikaman anti enflamatwa tankou ibipwofèn pou soulaje doulè a.
Suivi a
Kontinye al nan randevou suivi a.
Lè pou w rele founisè swen sante w la
Rele moun k ap ba w swen an menm moman an si w gen youn nan pwoblèm sa yo:
-
Kayo san ki gwosè yon pyès monnen oubyen pi gwo ap pase nan vajen w san rete
-
Anpil san sòti nan vajen w
-
Ekoulman ki gen vye sant ap sòti nan vajen w
-
Gwo doulè nan lestomak ou oubyen doulè tou pre kouti yo ogmante
-
Yon fyèv 100.4°F (38°C) oswa pi wo, oswa nan nivo founisè swen sante w la di w la
-
Ou gen frison epi w ap tranble
-
Ou pa twalèt pandan 1 semèn aprè ou fin fè bebe w la
-
Ou gen difikilte pou w pipi, oubyen ou gen doulè oubyen ijans pou w pipi
-
Fil kouti yo k ap soti oubyen moso k ap pase nan vajen w
© 2000-2026 The StayWell Company, LLC. All rights reserved. This information is not intended as a substitute for professional medical care. Always follow your healthcare professional's instructions.